Help Best Choice/ Vous orienter vers les meilleurs choix

5 abitid ou dwe adopte lè maten pou ou rete motive pandan tout jounen an

RSS
5 abitid ou dwe adopte lè maten pou ou rete motive pandan tout jounen an
Pandan konfinman, nou pase pifò tan nou lakay nou, nou vin antre nan you routin ki fè nou ka santi nou fatige epi vin estrese tou. Men gen mwayen ke ou kapab itilize pou fe moral ou toujou rete ro pandan move inpas ke nou tout lan mond lan ap travèse. Akasan ap pwopoze ou senk bagay ou dwe fe pou leve motive chak matin?
1. Bwè you bon vè dlo tyèd ak ji sitron lew fek leve, sa edew boule move grès epi elimine toksin nan kò a.
2. Fè you ti espò pandan o mwen 30 minit pou rechofe kow pou ranfòse sistèm defans ou.
3. Fè lekti pandan o mwen 1 è de tan, sa ap edew devlope sèvow epi relaksew.
4. Pase tan ak fanmi ou, fè jwet sosyete pou kenbe lespri w okipe.
5. Pran kou en liy nan you domèn kap itil ou.
Li pa fasil pou moun ki gen abitid travay ret nan kay san yo pap fe anyen men nou ka pwofite de konfinman pou nou pran swen ko nou epi meble lespri nou.
Ki routin matinal ou pandan konfinman ?
Ou kapab pataje li ak nou nan komantè.

Article précédent Article suivant

  • Akasantech Infos
Commentaires 0
Laissez un commentaire
Nom:*
Courriel:*
Message: *
* Requis